Manman…
Se fanm ki fè pitit.
Se fanm ki adopte timoun.
Se fanm ki pa anfante, men ki gen timoun sou kont yo y ap okipe.
Se tout fanm ki ranmase responsabilite pran swen timoun, elve yo pou demen yo.
Mèsi medam pou tout sèvis n ap bay gratis kòm manman.
Fèt manman, se okazyon pou
- Konprann enpòtans wòl manman jwenan fanmi yo, pou benefis tout sosyete a nèt.
Atire atansyon sou chay travay ak traka ki genyen nan plede okipe moun, okipe kay. - Louvri je sou nesesite pou mete men, dekwa pou travay kay la pa lage sou do manman.
- Pran konsyans manman se moun, kidonk yo bezwen repo, detant, tan pou tèt pa yo.
- Reyalize manman se sitwayèn, se fanm ki gen dwa tou.
Desitire vyolans sou fanm. Tifi ak jènfi jodi, se ka manman demen.
Bòn fèt ak tout fanm k ap jwe wòl manman!
Yon ti chante pou manman yo:
Nou se fanm tout bon
Nou se manman pitit
Nou fè latè donnen
Nou fè solèy leve
Pa gen mal nan sa ! Pa gen mal nan sa ! Pa gen mal nan sa !
Ligne d’urgence Kay Fanm : *322
Nouvo nimewo ijans sa a ap pemèt fanm ak tifi ki viktim vyolans, oubyen yon pwòch yo, kontakte rapid rapid yon entèvenant espesyalize ki gen fòmasyon pou ede l.


Comments are closed