Se ak gwo lapenn e ak anpil endiyasyon òganizasyon feminis yo aprann kò ansasinay ki fèt nan aswè 29 jen 2021 an, nan Pòtoprens, sou yon latriye moun. Antoinette Duclaire (alyas Netty), yon kanmarad feminis, yon militant politik, yon jounalis angaje, konte pami viktim yo, menm jan ak yon lòt pèsonalite tankou Diego Charles, jounalis radyo Vizyon 2000. Feminis yo koube byen ba devan tout viktim yo. Yo prezante kondoleyans yo bay fanmi ak zanmi yo, kanmarad konba yo, kòlèg yo.
Kò ansasinay sa yo, vin ajoute sou pil zak krabinay ki pa sispann fèt sou popilasyon an, espesyalman nan katye popilè tankou Matisan ak Bèlè, kote fanm pa gen gòj ankò pou pouse rèl. Briganday otorite yo, konplisite yo ak gang ame yo pèmèt laterè blayi toupatou nan peyi a. Fason Antoinette Duclaire ak lòt moun yo pèdi lavi yo, se yon vizaj sistèm laterè a.

Malgre kantite moun k ap mouri mal toulèjou, malgre dividal moun ki oblije kouri kite lakay yo, malgre popilasyon an pa ka jwenn laswenyay, malgre latriye timoun ki nan malsite, gouvènman de fakto an kenbe tennfas ak ajisman gwo ponyèt li yo, ak koze referandòm konstitisyonèl epi ak eleksyon. Depi jiyè 2018, kominote entènasyonal la pa sispann pote soutyen san mank li bay pouvwa a, kidonk li montre mepri li genyen pou pèp ayisyen. Ekzaksyon ak ansasinay k ap fèt anba dra enpinite, dega sosyal, ekonomik ak politik, se rezilta kalbenday ak kont maltaye politik. Otorite yo pa konsidere yo la pou pwoteje lavi moun. Entènasyonal la menm fè kòmsi li pa wè tray popilasyon an, kòmsi li pa tande revandikasyon yo, komsi li pa konnen misyon entènasyonal degrenn gòch ak eleksyon bouyi vide pa fouti donnen ni chanjman, ni demokrasi, ni pwogrè.
Pwopagann ak atak pa ka fè sitwayèn ak sitwayen konsekan bat ba. Feminis yo rete kwè desten pèp ayisyen se pa sibi dominasyon, ekzaksyon ak enjistis. Feminis yo ap kontinye ankouraje popilasyon an mache kontre pou sanble fòs pou reziste.
2 jiyè 2021.
Signatèz yo :
- Marijàn
- Nègès Mawon
- SOFA – Solidarite fanm ayisyèn
- Kay Fanm
- Fanm Vanyan
- Dantò
- Fanm Deside
- AFASDA – Asosyasyon fanm solèy d Ayiti
- GADES – Gwoup api pou devlopman Sid
- REFRAKA – Rezo fanm nan radyo kominotè ayisyen
- Fondasyon Toya
- KRIFA – Kri Fanm Ayiti
- Sabine Manigat, feminis endepandant
- Marie Isnise Romélus, feminis endepandant
- Emanuela Paul, feminis endepandant
- Fanm Yo La

Comments are closed