Kominike Kòdinasyon Nasyonal k ap Plede Kòz Fanm (KONAP)

An desanm 2006, KONAP te pouse yon rèl, nan yon lèt tou louvri li te adrese bay Chèf Leta ak Reskonsab sekirite piblik ak lajistis yo, yon fason pou reveye konsyans kolektiv sitwayen ak sitwayèn nan peyi a tankou lòt bo dlo.  Lèt tou louvri sa a se te pou denonse sitirans fòs lokipasyon ak kominote entènasyonal la nan koze enpinite ki layite kò l nan tout kouch sosyal ak tout sektè nan sosyete a.

Menmjan an tou, KONAP te mande gouvèlman Preval Alexis a pran reskonsablite li pou frennen vann ensekirite a ki pa sispann simen laterè ak dèy nan popilasyon an. Se pou sa KONAP te pran pozisyon kont politik gouvèlman Preval Alexis a te chwazi chita sou negosyasyon avèk bandi k ap kenbe popilasyon yo annotaj, k ap sèvi ak kò fanm tankou teritwa lagè. Divès vwa ki te leve nan popilasyon an kont ensekirite, vyòl ak kidnaping, solidarite divès sektè anndan kou deyò peyi ak fanmi viktim yo, te mennen gouvèlman  souke kò li. Se konsa, nou te konstate yon ti alemye nan kesyon sekirite a. Men depi de (2) mwa, bandi ap fèredefè anba lavil la anpeche machann yo fè penitans yo. Nou anrejistre yon bann ka kidnaping toupatou nan Pòtoprens ak Okap. Gen kèk ka, malgre fanmi yo fin andete yo pou yo peye ranson, kriminèl yo ansasinen viktim yo kanmenm. N ap panse ak Kareem Xavier Gaspard, adolesan 16 lane bandi kidnapè yo tòtire. Yon ka ki sanble ak fason yo te ansasinen Farah Natacha Kerby Dessources.

Zak kidnapin k ap miltipliye san rete dènye jou sa yo fè nou menm òganizasyon fanm ki nan KONAP, ap poze tèt nou kesyon sa yo : Kouman nou kapab panse konstwi peyi, lè kidnapping vle bat do tout pitit peyi a k ap pati akòz ensekirite ? Kouman nou kab panse konstwi peyi, lè nenpòt ki sitwayen ou sitwayèn kapab retwouve l dwe tout cheve nan tèt li paske li te oblije prete pou l peye ranson ? Kouman nou kab panse konstwi peyi, lè chak ayisyèn, chak ayisyen kapab leve yon maten epi li wè tout sa l te posede kòm byen disparèt paske l oblije vann sa li posede pou peye ranson kriminèl egzije pou yo lage yon manm nan fanmi a ? Kouman nou kab panse konstwi peyi, lè kidnapping lakòz tout lavi ekonomik ak sosyal blije kanpe depi 5è nan apremidi ?

Prezidan Preval di pwodiksyon nasyonal se prensipal priyorite l jodi a, kouman pwogram pwodiksyon nasyonal kapab devlope nan yon klima ensekirite kote y ap dechèpiye machan madan Sara, youn nan pyès enpòtan nan chenn distribisyon manje nan peyi a ?

Tout kesyon sa yo fè nou kwè, anndan KONAP, kesyon sekirite a se pa yon kesyon gouvènman kapab adrese nan mòde lage. Gouvènman an pa kab kontinye ap aji chak fwa gen yon sitiyasyon grav, chak fwa gang ak bandi ame pase vitès siperyè nan teworize popilasyon an. Gouvèlman an dwe reflechi sou bon jan estrateji pou demantibile rapyetè tout rezo gang, malfektè ki vle simen dèy nan peyi a. Prezans lapolis toupatou, pwen kontwòl ak lòt dispozisyon ankò, dwe fèt toutan. Menmjan tou lajistis dwe aji prese prese pou mete kriminèl yo anba kòd.
Rèl ak soufrans manman Kareem Xavier touche tout fanmi, tout sitwayen ak sitwayèn… Nou pa kab kontinye konte kadav, nou pakab konsidere chak zak kriminèl sa yo kòm yon zak anplis. Se pou sa nan KONAP, nou di : Ase ! Nou mande dirijan peyi yo pran responsablite yo pou frennen vann ensekirite sa a, pou kriminèl san fwa ni lwa pa kontinye matirize, vyole, ansasinen pitit nou. KONAP mande, ki dispozisyon serye gouvènman an pran pou frennen ensekirite sa a ? Ki mezi serye li ap pran pou demantibile gang ame ak tout lòt gwoup ki patisipe nan monte kidnapin ? Ki bonjan plan gouvènman an defini pou kaba ak enpinite ? Enpinite a, kap sitire vyolans, koripsyon, trafik dwòg, zam ki gaye adwat agòch, ap layite kò l andedan tout sektè sosyal. Poukisa reskonsab Leta yo nan Palè, nan Palman, nan Lapolis, nan lajistis pa fè anyen pou mete dilè, kidnapè, kadejakè ak asasen anba kòd ?

Depi lontan, sitwayèn ak sitwayen ap lonje dwèt sou mankman nan volonte politik reskonsab Leta yo nan zafè politik nasyonal sekirite piblik, Kilè Ministè lajistis, PNH ap chèche jwenn epi deplòtonnen mwayen ak estrateji ki nesesè pou pwoteje lavi ak byen moun, retabli lapè ak sekirite anndan peyi a ?

Nou konstate, kriz politik yo toujou makonnen ak klima vyolans ak ensekirite. Menmjan ak 2006, menmjan ak 2007, nou konstate tou, vann ensekirite a louvri pi plis nan finisman lane eskolè ak nan mwa desanm. Ane 2008 la, nasyon ayisyèn la ap gen dlo nan je devan zak sasinay ki fèt sou Kareem sou kote yon bann lòt zak kriminèl ak kidnapin.

Depi 2 mwa, Chèf Leta ap gouvène san Chèf gouvèlman. Pa gen moun ki anchaje sekirite piblik la, pou pwoteje lavi ak byen popilasyon yo. Pratik kidnaping la k ap gangrennen sosyete a monte men wote, etan negosyasyon ap fet pou mete yon Premye Minis tounèf alatet CNSP. Kòm paraza, konjonkti a mande yon moun ki gen repitasyon li ta kapab pran mezi prese prese pou fèmen vann vyolans dilè kap fè trafik moun pou lajan. Nou mande ki kote vag kidnapin san fwa ni lwa sila a soti ? Jounen jodia, nap mande ki kote kalendriye lanmò sa a sòti ?

KONAP pataje soufrans manman, papa, fanmi ak zanmi Kareem Xavier Gaspard machin lanmò ensekirite a ansasinen. KONAP tande rèl elèv kanmarad Kareen, yon rèl ki touche nou nan zantray nou. Se pou sa n ap mete vwa nou ak lòt sitwayen ak sitwayèn pou di SETASE, bandi kriminèl kidnapè pakap kontinye ap simen dèy nan fanmi nou. Nan lespri sa a, KONAP apiye mobilizasyon rèl sitwayèn ak sitwayen nan koukouwouj kont kidnapin kap simen dèy kote fanm, ti fi, ti moun toujou pi plis viktim.

Sitwayen, Leta pran reskonsablite n ! Nou pap pran nan pyèj sa a. Nou pap kite ensekirite fini ak peyi a. KONAP mande jistis ak sekirite. Se sèl lajistis ki kapab frennen rèy terè gang ak bandi ame ak tout kriminèl k ap sèvi avèk sanginè sa yo pou regle koze yo.

Pou KONAP,

Olga Benoit
Jesi Chancy Manigat
Marie Ange Noël