8 mas Jounen Entènasyonal Dwa Fanm :

KONAP ap defann Dwa fondamantal pou konsève diyite fanm yo !

Ann rete mobilize pou n rive jwi dwa sosyo ekonomik yo,

Ann rete mobilize pou n rive jwi dwa pou nou gen jistis,

Pòtoprens, jou ki 7 mas 2008

Se pou sa, nan okazyon selebrasyon 8 mas 2008 la, KONAP ap mande Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm, ki swivi Leta Ayisyen fè pou pèmèt fanm ki te viktim vyolans anba men 108 sòlda MINISTA yo jwenn Jistis. Nan deba piblik KONAP te reyalize ak reskonsab leta yo, nan mwa novanm 2007, Ministè a, pa lentèmedyè Direktris Jeneral li te pran angajman sou sa. Nan ki pwen dosye sa ye jodi a ? Nou pakapab selebre Jounen Dwa Fanm pou lopinyon piblik nasyonal ak entènasyonal la pa konnen ki suivi gouvènman an ak lòt reskonsab leta yo fè pou fanm ak tifi ki te viktim agresyon seksyèl anba sòlda lokipasyon yo jwenn jistis. Sitou lè nou konnen, konsekans vyolans konn lakòz fanm yo tonbe nan sitiyasyon povrete, lè yo blije kite kay yo, pèdi travay yo oswa lòt aktivite ekonomik yo te gen pou yo viv.

8 mas 2008 la, anplis batay n ap kontinye mennen pou nou jwi dwa sivil ak politik nou, nou kanpe pou nou defann dwa sosyal, ekonomik ak kiltirèl nou, tout dwa fondamantal ki defini nan « Pacte International relatif aux droits sociaux, économiques et culturels » epi ki garanti ak pwoteje fanm kou gason pou yo viv nan diyite. Kouman noumenm fanm nou kapab viv nan diyite nan yon peyi kote otorite yo ak boujwazi a ap inyore tout dwa fondalnatal sa yo ?

Depi plizyè lane popilasyon an ap rele anmwen akòz lavi chè. Dènye moman sa yo plizyè òganizasyon nan mouvman sosyal la koumanse pran lari sou sa. Nan moman selebrasyon jounen 8 mas ak dat 3 avril, jounen nasyonal fanm yo, keksyon pou leta fikse salè minimòm lan okipe deba nan lopinyon piblik la. Deba sou kantite lajan fòs travay yon moun dwe koute chita sou pwopozisyon 200 goud, swa $5 dola ak 19 santim, kont 150 goud, swa $3 dola 89 santim, pou yon jounen travay.

Reyalite lavi yon fanm k ap travay nan faktori kapab demontre aklè montan sa yo pa pote okenn diplis ki kapab amelyore sitiyasyon lavi yon travayè fanm kou gason. Ann gade. Nou konnen sou chak 100 fanm an Ayiti, plis pase 47 ladan yo, se yo ki rele, se yo ki reponn, sa vle di se yo ki gen chay fanmi yo sou do yo. Pifò fanm sa yo gen anmwayèn 4 pitit. Se nan sans sa a, n ap tabli yon egzanp, sou Anèt ki responsab yon kay ki gen 5 moun.

Anèt gen 4 timoun, l ap travay nan faktori :

Li bezwen chak jou, 5 bokit dlo pou limenm ak 4 timoun yo benyen, 2 bokit pou l prepare manje ak fè netwayay, anplis li bezwen 2 galon dlo pou l bwè. Sa ki fè pou dlo, Anèt depanse 80 goud lè nou konnen bokit dlo a koute 10 goud epi galon dlo pou bwè koute 5 goud.

Anèt dwe peye 70 goud pou transpò 4 timoun yo ak pou li ale travay, lè nou konnen kous machin nan se 14 goud ale/retou.

Si Anèt achte pate kòde pou li ak 4 piti li kòm manje maten, Anèt gen pou l depanse 50 goud lè, nou konnen yon pate kòde koute 10 goud.
Anèt pa gen posiblite monte chodyè apremidi, se pou sa li chwazi fòmil ki pi pratik pou li. Li al kay machann manje kuit la, li pran 2 chen janbe pou 100 goud pou li separe ak 4 timoun yo.

Sa ki fè an total, pou manje, e ki manje ?, pou transpò ak dlo, depans Anèt gen tan monte 300 goud pou jounen an, san konte lè Anèt ap lave, li bezwen plis dlo, savon elatriye. San konte tou pat dantifris, savon ak lòt pwodui twalèt, balèn oswa gaz lanp pou timoun yo etidye elatriye. Anplis, nou konnen lekòl timoun pou peye, lwaye kay ki 17 wotè, lè gen maladi menm, se tèt chaje pirèd.

Egzanp Anèt la montre aklè, menm pwopozisyon 200 goud ki te fèt pou fikse salè minimòm la pa anmezi kouvri depans minimòm nan bezwen yon ouvriye ak ouvriyèz genyen. Salè sa a pa menm pèmèt ouvriye-èz yo rekonstitiye fòs travay yo. Se pou rezon sa a ki fè nou estomake anpil lè n tande Asosiyasyon Endistriyèl Ayisyen (ADIH), deklare si salè minimòm nan, 150 goud se touye n ap touye tèt nou, n ap fè envestisè kouri.

Kifè la a, fòs kouray travayè ak travayèz pa gen valè ! Travay y ap fè pap janm pèmèt yo viv ak fanmi yo ! Travayèz ak travayè, oblije al fini nan sanatoryòm apre yo fin bay kouraj ! Lè feblès pa gen tan rete kè yo. Nan ka sa, keksyon nou anvi poze manm ADIH yo se, konbyen kòb yo depanse pou yo viv, konbyen kòb yo depanse nan yon sware lè y ap pran plezi yo ?

Nan KONAP, nou konnen byen, salè minimòm, pa sèl rezon ki kapab rale envestisè. Menm lè, Salè minimòm lan te ba, men si lòt kondisyon tankou ènèji ak tout lòt kalte travay enfrastrikti pa egziste, envestisè yo ap toujou kouri. E kòm leta pa sanble gen yon plan devlòpman klè pou mete bon jan sèvis, wout… tout sa yo rele enfrastrikti yo, alòs, nan bese salè minimòm nan, yo vle fè kwè yap atire envestisè sou mache entènasyonal la.

Pou tout rezon sa yo, noumenm fanm ki gwoupe nou nan KONAP, nan okazyon 8 mas 2008 la, nou solidè ak revandikasyon travayè ak travayèz pou yo gen yon salè ki pèmèt yo viv kòm moun. Konsa ap mare fòs nou ak tout lòt travayèz/travayè yo pou fè yon rèl pou nou mande responsab ki konsène yo, anpatikilye Palmantè yo, pou yo reflechi sou kondisyon travayè ak travayèz yo, konsidere bezwen yo ak dwa fondalnatal yo kòm moun, kòm travayè-èz pou yo kapab pran yon desizyon ki demontre yo gen volonte tout bon pou respekte dwa travayè ak travayèz yo.

KONAP mande tou, pou gen mezi akonpayman ki pran pou fèmen vàn k ap ponpe povrete a, k ap fè travayè ak travayèz yo pi pòv chak jou pi plis. Mezi tankou : magazen kominotè, relansman pwodiksyon nasyonal la, sibvansyon kèk pwodui premye nesesite e latriye… San mezi akonpayman sa yo, salè minimòm la pap gen okenn valè reyèl, paske li pap janm pèmèt travayè ak travayèz yo anmezi soutni yon bon kantite nan depans yo.

KONAP kwè se responsablite gouvènman an pou l asire byennèt popilasyon an. Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm gen gwo wòl pou l jwe nan chèche solisyon pou frennen pwoblèm feminizasyon povrete a. Kidonk, yo dwe pan mezi pou kreye travay k ap pèmèt fanm yo viv nan diyite. N ap sonje, nan okazyon Premye me, Jounen Travay ak Agrikilti, 1er minis Alexis te deklare li pral enskri kreyasyon travay nan priyorite l, men jodi a, lè nou tande gouvènman sa a ap pale de travay, se de travay a “haute intensité de main d’oeuvre” Kesyon n ap poze tèt nou, eske travay pou ti bout tan sa yo kapab pèmèt yon peyi sòti nan mizè ? Ki plan gouvènman an genyen pou fanm yo, k ap bourike maten, midi aswè, pa tonbe nan mande lè yo fin granmoun, lè yo pakab travay ankò ?

8 mas 2008 la, fanm ayisyèn leve kanpe pou nou rive jwi Dwa nou,

Bonjan Kondisyon lavi mare ak bonjan sitiyasyon lavi, se sèl fason pou Dwa nou respekte.

Jwenn jistis ak jistis sosyal se dwa fondalnatal nou.

Respè ak jwisans Dwa sa yo, se sa ki diyite nou pou nou viv kou moun.

Fanm ayisyèn ann kenbe banye mobilizasyon nou.

Pòtoprens, jou ki 7 mas 2008

Pou KONAP,

Olga Benoit
Jesi Chancy Manigat

C.C KONAP : ENFOFANM, KAY FANM, FANM DESIDE, REFRAKA, SOFA