KONAP di Wi pou yon Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm
K ap defini politik piblik ak règleman pou chanje kondisyon fanm ayisyèn !

Depi lendepandans fanm ayisyèn ap goumen. Soti lane 1930 rive jounen jodi a, yo pa sispann goumen pou fè rekonèt epi respekte dwa yo kòm moun, kòm sitwayèn. Yo bay lebra ak lòt mouvman sosyal yo, paske defann kòz fanm, sa vle di batay pou transfòme sosyete a, pou kaba inegalite.

An 1986, lè pèp ayisyen rive soti anba rejim bout di Divalye a, fanm yo te leve kanpe toupatou nan peyi a pou fè konnen demokrasi pa p kapab  fèt san patisipasyon yo. Se konsa 3 avril 1986, plis pase 30 mil fanm te fè tande soukous yo nan Pòtoprens, e plizyè santèn te pouse rèl yo nan pwovens yo.  Depi lè a, fanm pa sispann mache kontre ak fanm parèy yo, pou konstwi òganizasyon, pou mete fòs  yo  ansanm, pou fè tande vwa  yo  sou kouman bak peyi a dirije.

Nan lit n ap mennen depi digtantan, nou ranmase anpil gany. Rezilta batay nou pèmèt anpil baryè kraze, nan edikasyon, fòmasyon, travay, patisipasyon epi nan fè konprann dwa fanm se dwa moun. Pwogrè sa yo bon pou tout sosyete  a  nèt. Mobilizasyon ak pledwaye fè  nou  vin genyen yon Ministè Kondisyon Fanm, ki  se yon zouti anndan pouvwa Ekzekitif la. Se pa t yon kado. Ministè a la pou panche sou inegalite ant fanm ak gason nan sosyete a. Li la pou veye pou enterè fanm yo pran an konsiderasyon nan tout kote dezisyon ap pran pou peyi a.