SOFA (Solidarité fanm ayisyèn), Kay Fanm, Fanm Saj, AFASDA (Asosyasyon fanm solèy d Ayiti) ak Fondasyon Toya mete ansanm pou make jounen 8 mas la ak yon sitin ki gen 7 estasyon : Plas Katrin Flon sou Channmas, Palè nasyonal, Ministè Lajistis, OMRH (Ofis manajment ak resous iemèn), OPC (Ofis pwoteksyon sitwayen), Primati ak Palman.
DEKLARASYON KAY FANM – 8 mas 2018
DEKLARASYON SOFA – 8 mas 2018

ANTIFEMINIS NAN LETA
RÈL ÒGANIZASYON FANM YO – 8 MAS 2018

Rèl devan Palè nasyonal

  • Sitiyasyon sosyal ak ekonomik peyi a grav. Kalbenday nan Leta redwi kapasite l pou li ofri sèvis bay popilasyon yo kòmsadwa. Menm lè Leta resi ofri kèk sèvis de baz, fason li fonksyone a pa pèmèt jwenn bon jan rezilta. Mank transparans, kliyantelis ak koripsyon se maleng ki fè sèvis yo chè epi gen movèz kalite. Fason peyi a pa jere mennen li ak anpile dèt sou dèt, bay lavi chè epi kreye plis inegalite sosyal ak ekonomik.
  • Se responsablite Laprezidans pa fè dekwa pou enstitisyon yo fonksyone pou yo sa ranpli misyon yo ki se travay pou byennèt popilasyon yo. Politik paspouki, se pa solisyon an.

  

Rèl devan Ministè Lajistis 

  • Grasa travay feminis yo, koze vyolans sou fanm ak tifi vin pale sou laplas piblik epi pi plis moun ap denonse zak vyolans yo.
  • Òganizasyon fanm yo degaje yo, kou yo konnen, pou mete sèvis an plas epi kontinye ofri yo sèvis gratis bay fanm ak tifi ki sibi vyolans. Egal, y ap kontribye nan fè travay Leta ki gen responsablite pou pwoteje popilasyon yo, pou mete sèvis an plas.
  • Leta pa ka lage chay responsablite sa a sou do òganizasyon fanm yo. Fòk li respekete angajman li pran, nan nivo nasyonal ak entènasyonal, sou koze vyolans lan. Ministè Lajistis dwe travay pou mete an aplikasyon kòmsadwa Plan nasyonal 2017-2027 kont vyolans sou fanm. Ministè Lajistis la dwe aktif nan veye pou fanm yo jwenn jistis san paspouki, ak diyite. Sa vle di, parekzanp, asire pou gen bon jan sèvis asistans legal, epi veye pou tribinal yo fonksyone san paspouki, san koripsyon.

 

Rèl devan Primati /OMRH : Fondation Toya

Nou vle atire atansyon otorite yo sou nesesite pou kweye bon kondisyon pou pèmèt tifi ak jèn fi grandi nan yon anviwònman ki proteje yo ki valorize yo epi ki ankadre yo. Konsa, nou bezwen bon jan politik pou jenès la, espesyalman pou jèn fi yo.

  • Bon jan evestisman nan edikasyon pou konstwiksyon yon lòt sosyete ki bati sou respè, jistis, transparans ak egalite. Leta dwe mete lekòl pwofesyonèl, inivèsite, pou n fòme tèt nou, pou n ka pare pou mache travay la.
  • Kò fanm ak tifi pa machandiz. Kilti pou jenès la pa ka redwi nan piblisite ak mizik k ap denigre fanm, videyo pònografik ak pwogram ti sourit. Sa nou vle, se lwazi ki sen, k ap pèmèt jèn fi yo dekouvri talan yo, kwè nan tèt yo. Fòk leta pran mezi pou enstitisyon yo jwe wòl yo nan ankadre jenès la.
  • Chomaj lakòz anpil move konsekans sou jenès la, k ap kouri kite peyi a. Twòp jèn fanm ap sibi vyolans, pwostitisyon, akòz move sitiyasyon ekonomik. Koripsyon, politik zanmitay, tizonnay seksyèl anpeche jèn fi yo jwenn plas yo nan administrasyon Leta a. Kilè refòm OMRH prevwa a ap rantre an aplikasyon ?

  

Rèl devan Palman

N ap rele chalbare dèyè :

  • Antifeminis nan Leta
  • Dominasyon fanm
  • Vyolans sou fanm
  • Lavi chè
  • Enpinite
  • Koripsyon
  • Kalbenday Leta.

 

Rèl devan Primati

  • 60 % popilasyon an ap viv nan lamizè. Fanm yo nan pami moun ki pi pòv yo pou divès rezon tankou : diskriminasyon, chay responsablite yo oblije pote souvan pou kont yo, mòd travay yo fè ki pa valorize, ki pa byen peye, epi politik Leta yo ki pa pran an konsiderasyon kesyon inegalite ant fanm ak gason nan sosyete a, ki pa chita sou bezwen espesyal fanm yo.
  • Eksklisyon sosyal fò anpil nan sosyete a. Sa gen gwo konsekans sou estabilite politik ak ekonomik. Anplis de sa, sa reprzante yon kokenn blokay pou popilasyon yo jwi dwa moun yo kòmsadwa.
  • Fanm yo rankontre anpil baryè pou devlope potansyèl yo, espesyalman nan sa ki konsène zafè travay. Menm lè fanm yo fòme, li pi difisil pou yo gen aksè sou mache travay la epi anjeneral yo touche salè ki fèb.
  • Dènye resasman ki fèt sou fonksyon piblik la an 2014 montre se 32 % fanm k ap travay nan enstitisyon Leta yo alòske nan lane 1996 ou te jwenn 44 % fanm. Pami moun ki kad yo, gen 3 fwa plis gason pase fanm. Konsatou, kantite jèn yo ap diminye nan administrasyon piblik la.
  • Primati se majò jon nan nan kondwi gouvènman an. Egal, se responsabilite li pou garanti enstitisyon Leta ap travay nan sans pou reponn ak bezwen popilasyon, espesyalman sila ki pi frajil yo. Se responsablite primati a pou li veye pou angajman Leta nan zafè dwa fanm respekte. Sa mande pou li pran dispozisyon serye pou pèmèt Ministè Kondisyon fanm nan jwe wòl li kòmsadwa, sa mande pou li mete tout mwayen ki nesesè an plas pou Plan nasyonal egalite ant fanm ak gason aplike, menm jan ak Plan nasyonal pou konbat vyolans sou fanm. Epitou sa mande pou Leta sispann sitire moun k ap fè vyolans sou fanm, espesyalman zafè abi ak tizonnay seksyèl ki blayi nan administrasyon piblik yo.

 

Rèl devan OPC

  • Edikasyon ak fòmasyon se dwa fondamantal moun.
  • Akòz pri disèt wotè pou ekolaj, transpò ak lamanjay, akòz Leta ki minim nan ofri sèvis, dwa pou edikasyon ak fòmasyon pa respekte. Se mezi lajan, mezi wonga ou pou kalite edikasyon an. Jan lekòl yo ap fonksyone, yo repwodwi inegalite sosyal ak yo epi prejije sou fanm. Chif sou edikasyon an montre depans pou lekol reprezante 10 % nan bidjè fanmi yo. Se yon chay ki lou anpil lè nou konsidere tout lòt depans fanmi yo dwe sipòte pou viv, san pifò ladan yo pa ka benefisye èd sosyal. Mete sou sa, nan anpil fanmi se fanm yo ki pote chay yo pou kont yo akòz iresponsablite papa.
  • OPC se enstitisyon nasyonal dwa moun. Kidonk fòk li veye sou fason gouvènman an ap aji parapòta ak dwa moun. Sa tou vle di, fòk OPC li menm san repwòch nan zafè respekte dwa moun.

 

PDF : http ://kayfanm.org/wp-content/uploads/2018/03/2018.03.08-Komemorasyon-8-mas.pdf